top of page
Search
  • Writer's picturemhrtaskforce

15/09/2021 • Alokasyon & Analitik: Òganizasyon nou an bay èd ak kèk chif montan n' ap pataje avè w'


Who we do it for / Men pou kiyès n' ap travay

🇭🇹 LI ATIK LA AN ANGLÈ (KLIKE)


Nou remesye tout volontè nan Soukomite Evalyasyon & Alokasyon Gwoup Travay Mass Sekou Ayisyen an ap travay di pou asire ke òganizasyon ki ranpli fòm nou an pou finansman yo revize yo kòmsadwa, san patipri, epi resevwa èd finansyè atravè mwayen òganizasyon an presize nan aplikasyon yo, tout nan espwa pou fè li kòm fasil ke posib pou yo sipòte moun ki afekte nan tranbleman tè an Ayiti. Nou kolekte lajan atravè don ak evènman kote nou ranmase lajan tankou vant ozanchè "HAAM" te òganize nan mwa Out ("HAAM" - Haitian-American Artists Assembly: Asanble Ayisyen-Ameriken Atis).


Remesiman Espesyal a:


Guerlince Sermézier (YOFES-Youth & Family Enrichment Services); Charlot Lucien (HAAM-Haitian American Artists Assembly); Shey Jaboin (Federation for Children with Special Needs); Wilner Auguste (TLCC-Toussaint Louverture Cultural Center Project); Attorney Nunotte Zama (Nunotte Zama Law Offices); Pastor Jean Clerveau; Wildie Zama; Roudnie Célestin; Pastor Dieufort Fleurissaint (True Alliance Network, Inc.); Oswalde Neptune (Radio Concorde) [listed in in particular order].



Òganisasyon Nou Bay Èd Yo:


Òganizasyon an ak zòn yo sèvi yo ki nan lis nan tablo ki anba la a. Alokasyon yo te pou $ 1,000 USD pou chak òganizasyon nan wonn sa a. Yon dezyèm wonn re-louvri pou yon tan limite sou Sèptanm 13 epi yo pral fèmen nan mitan mwa Oktòb. Aplike la.



TOTAL YO:

Nou sèvi 17 òganizasyon;

Nou aprouve $27,000 USD total;

Omwen sis (6) depatman reprezante (nan 10 depatman Ayiti);

Omwen 25 komin reprezante nan sis (6) depatman yo;

Nou te fè omwen uit (8) reyinyon pou nou revize, evalye, e pran desizyon sou aplikasyon yo.




Revelasyon


Gwoup Travay Mass Sekou Ayisyen an rezève dwa pou aksepte oswa refize tout aplikasyon yo. Atravè revizyon yo, soukomite Evalyasyon & Alokasyon an konsidere kat estati pou klarifye pwosesis yo: An pwogrè, Annatant, Apwouve, Pa Satisfè Kritè Yo.


Pou rezon divilgasyon finansyè, tout resi transfè yo kolekte ak depoze nan dosye kanal fiskal nou an, Haitian-Americans United, Inc. (EIN: 04-3583018).


Pou nenpòt kesyon, tanpri pa ezite kontakte nou nan MHRtaskforce@gmail.com.




6 views0 comments
bottom of page